Konkou Vakans
Walt Disney World
Fanmi yo ki konplètman vaksine yo elijib pou yo genyen yon vwayaj gratis nan Disney World!
Depatman Sante Diskri Caroline te anonse yon Konkou Vakans Disney pou ede ankouraje vaksen COVID-19 pou timoun. Fanmi nan Maryland ki resevwa tout doz vaksen yo kapab patisipe nan vwayaj Walt Disney World pou yo genyen de 6 sware 5 jou nan pwentan 2023. Konkou sa te vin posib pa yon sibvansyon jenere de Fondasyon Caroline , yon oganizasyon nonprofi ki bay sevis medikal ak sevis ki gen rap`o ak sante ak rezidan Diskri Caroline yo.
DAT DE VWAYAJ
5 Avril – 11 Avril, 2023 (pandan vakans pwentan Lek`ol Piblik Diskri Caroline)
DAT LIMIT POU ANTRE
27 Janvye, 2023 a 11:59 PM Le Les
Ofisye Sante Diskri Caroline nan, Robin Cahall di ke long dire pou konteks la ap bay paran yo anpil tan pou diskite vaksinasyon direkteman avek pediat pitit yo e pou yo pran desizyon enf`ome. “Nou te vle genyen yon bagay kap vreman motive paran yo pou yo gen konv`esasyon avek dokt`e pitit yo,” Cahall te deklare. “Kisa kap pi motive fanmi yo ke yon vwayaj gratis nan Disney World?”
ELIGIBILITE
-
Vwayaj pou yon nonb de moun de 2 granmoun ak 4 timoun de (6 mwa – 18) ki se rezidan nan Diskri Caroline, Maryland nan menm kay. Tout patisipasyon dwe genyen omwen yon timoun. Patisipasyon de granmoun Selman ap diskalifye.
-
Tout mand nan group vwayaj la dwe kouran nan dosye vaksinasyon COVID-19 yo nan moman patisipasyon an, ki vle di ke yo te resevwa tout doz rap`el yo, si yo elijib.
-
Yap ekzije pw`ev estati vaksinasyon, Rezidans nan Diskri Caroline, ak pw`ev relasyon pou tout gayan yo.
-
Yap limite yon patisipasyon pa mezon. Yap efase tout diplikasyon.
-
Timoun mwens 5 kan pap elijib pou konkou a, men yap kapab vwayaje sou depans paran yo.
-
W`e Regleman Ofisyel pou tout detay yo.
Pakè Pri Konkou ou
Pri Konkou se yon Vakans nan Disney World pou 2 granmoun ak 4 timoun (laj 6 mwa – 18 tan) ki abite nan menm kay, ki genyen ladann:
-
Vwayaj avyon ale-retou de Baltimore nan Orlando
-
Transpotasyon prive ale retou nan ayerop`o yo
-
Sis sware nan yon plas modere nan yon Disney resort
-
Tik`e pou sink jou nan Pak a Theme Disney World (enkli Parkhopper ak Genie+)
-
Yon Pwodwi Kreyasyon Memwa, ki enkli Disney Photopass® photos san limit
-
Yon kat kado Disney de $1,500 pou manje
-
Yon kat kado Disney de $50 pou chak timoun ki nan group vwayaj la pou souveni